Biyografim Sylvio cator

M fèt 9 oktòb kavayon  nan ane 1900,mwen te renmen espò anpil mwen te vin espeyalizem nan so an longè,
men gran pasyonm Se te foutbol se pou sa m t al devlope talan m nan trivoli atletik klèb e resin klèb ayisyen,teknik mwen patelman enterese yo men se  fizik mwen e m te mizire 1 m 78,foutbòl la pat mennenm twò lwen. Nan ane 1924 m te lanse karye entènasyonal mwen kotem t al reprezante Ayiti nan  jwet olenpik yo nan vil Paris,te gen 126 evenman espotif e 3089 atlèt kote te gen 44 peyi ki te patisipe e mwen te reprezante ayiti nan so an otè e so an longè,ameriken yon te bon anpil nan espò sa yo mwen te fini an 15 em pozisyon nan so an otè kot se te yon ameriken ki te pran meday dò a Harold Osborn e yon lòt ameriken te pran meday ajan Leroy Brown.
nan so an longè mwen te fini 12 em kote anko 2 ameriken te nan tet klasman Dehart Hubbard meday dò e Edward Gourdin meday ajan.
apre sa m retounen nan peyim pou m vin prepare olenpik 1928 la men fwa sa se nan vil Amsterdam. A 28 tan m vin double fos mwen m te vin pi rapid ke 1924.
nan ane 1928 Te gen 46 peyi 2883 atlèt se te yon olempik espesyal se premye fwa yo te limen flam olenpik la se premye fwa yon azyatik pral genyen yon meday dò e se premye fwa yon Ayisyen pral genyen yon meday.
nan so an longè yan yon ameriken premye se Ed Hamm mwen men m nèg(okay) kavayon  Sylvio cator m 2 em avèk yon so  7,58 mèt,an 3 em pozisyon yon ameriken Alfred Bates.
apre sa mwen pran destinasyon la  frans 9 septanm 1928 poum al konfime nan zye tout moun nan mond lan meday sa mwen te pran nan vil Amsterdam nan se pat yon kado se te  travay mwen fos mwen,men tout sa ki nan tet mwen se al kraze rekò Ed Hamm te fè an 1928,mwen lanse m e m kraze rekò Ed Hamm nan kotem  sote 7,93 kotem fè 3 cm an plis li.
Après m retounen Ayiti kote popilasyon ayisyèn an te vin akeyim kom yon ero sa te fèm kontan anpil.
30 jiyè 1932 mw antre nan vil los angeles toujou nan so an longè poum al patisipe nan jwet olenpik la.
Te gen 37 peyi ki te vin ptisipe e 1332 atlèt fwa sa mwen regrese epi se nomal se pat 28 tan mwen te genyen men pito  32 ane   m te sote de 5,93 met e m te fini an 9 em pozisyon,nan yon konpetisyon ki te fèt an frans mwen te soti premye nan so an longè avek yon so 1,80 met e m te premye anko nan yon kous 100 met la.
apre patisipasyon sa mwen te vin met fèn nan karayè spotif mwen e mwen te vin lanse karye politik mwen kotem  te depite aken,sen lwi nan sid epi kavayon e mwen te vin mè pòtoprens nan ane 1946.
Epi 22 jiye 1952 mwen te vin mouri.
Kòm mwen wè nou anvi bliyem mwen te oblije re enkane poum vin rakonte nou kiyes mwen te ye.

Commentaires